Travay Lakay ou epi Touche Lakay ou.

Nou travay ak meyè call center ki nan Repiblik Dominikèn. Nou asire nou ke ou jwenn travay la pi vit ke posib epi tout fòmasyon (training) yo peye.

Jwenn yon Travay Rapid & Dirab

Òdinatè, entènèt ak routè

Depi ou pale bon anglè, 3 ekipman sa yo sifi pouw komanse travay lakay ou an tout sekirite.

Koneksyon sèvè rezidansyèl

Teknisyen nou yo disponib chak jou 24/24 pou edew kenbe job ou avek mèyè koneksyon ki genyen nan mond lan.

Pataje ide'w ak konesans ou

Ekip Collaborate lan prè pou tande ide e akonpanye tout ajan pou ka fe rèv yo vini reyalite andedan konpani an.

Pran kontwòl
Laviw,
paske Travay se libète.

Pwisans Kolabo

Nou prepare pou nou kolabore ak tout moun ki kwè nan disiplin, progrè ak chanjman.

Entegrasyon Rapid

COLLABORATE mete sistèm de rekritman li an trè fasil pou pèmèt ou entegre djòb rèv ou an pi fasil.

Se ou ki pou Mèt Desten ou!

Group 20856

Eskew prè pou ou fè pati de fanmi COLLABORATE Call Center a?

Se ap yon plezi pou nou pou ou entegre fanmi nou an. Nou pwomèt djòb, sekirite ak akonpanyeman sou tout pwen, pandan tout chemen an.

Rapidite, Sekirite ak konstans.

Si'w Manke ekipman

Apre ou fin reyisi tout test pou ou fè pati de fanmi Collaborate, nou pre pou nou ede'w mete a jou tout ekipman ou ap bezwen pou ou ka fe job ou vit e byen

Kominikasyon

Pèsonèl nou an toujou disponib pou tande tout doleyans ajan ou kolabortè li yo pou nou ka jwenn yon solisyon pi vit ke posib.

Sipèvisyon

Toujou rete konekte ak ajan nou yo sou tout rezo ki genyen yo, enteveni sou tout problem yo ka genyen nan travay yo, chak jou, 24/24.

Konekte tout Ajan yo
Ansanm.

Li evidan pou nou konnen ke tout ajan yo pap nan menm travay, e travay yo pap nan menm le. Men lap tre enteresan pou ajan yo pataje eksperyans jounen travay yo, kenbe lien ki ini yo e se sa ki fos nou nan Collaborate Call Center.

Yon Senp Klik ap Chanje Lavi'w.

Antre nan pwogram Collaborate lan se yonn nan mwayen ki genyen leuw pale bon angle nan republik dominiken. Nou travay ak fi e avek gason. 

Rapidite

Nan mwens ke yon mwa nap gentan metew nan travay depiw fin pase tout test nou yo.

Sekirite

Avek collaborate, pa gen kesyon de kont tonbe depiw ap byen travay, ou gen travay net al kole.